Mwen konprann ke pitit mwen an, swa pou kont li oswa ansanm ak lòt patisipan, anplwaye YW Boston, volontè oswa reprezantan, ka fè entèvyou, anrejistreman, bay temwayaj ekri oswa oral, oswa ka fè foto ki pran pa YW Boston.
Mwen bay YW Boston pèmisyon pou itilize foto ak entèvyou yo pou pwodui, prepare, fè piblisite, dekri ak/oswa prezante YW Boston ak travay l’ap fè bay gran piblik la, bon repitasyon, edikasyon piblik ak/oswa aktivite ranmase lajan yo, jan yo wè li apwopriye, san mwen menm oswa pitit mwen pa bezwen revize oswa resevwa okenn konpansasyon finansye oswa lòt kalite obligasyon.
Si ou pa vle yo itilize foto pitit ou a, tanpri bay yon lèt siyen ki di ke ou pa bay pèmisyon.